Ensekirite k ap gaye nan Sidès la apre atak sanglan Segen an vin relanse deba sou nati vrè kriz sekirite a an Ayiti. Ant zak ame ki simen latèrè ak yon sistèm kote enpinite, move pratik ak melanj enterè politik ak kriminèl sanble vin nòmalize, refleksyon sa a ap chèche ale pi fon pase emosyon pou poze kesyon esansyèl yo : ki kote banditis la kòmanse vrèman, e ki jan li rive tounen yon reyalite estriktirèl nan sosyete a ?

Jou madi 13 avril 2026, popilasyon Sidès la leve brital ak yon gwo sezisman lè li dekouvri gen yon gwo menas ensekirite ki pandye sou tèt li. Yon gwoup moun yo idantifye kòm bandi anvayi katye Segen, kraze komisarya a, touye 8 moun, blese 2 polisye, boule komisarya a, epi yo retounen kote yo te soti a san okenn difikilte.
Zak sa a boulvèse popilasyon an anpil, li simen yon gwo laperèz nan mitan moun yo.
Reyaksyon sa a nòmal, paske pou anpil moun, se premye fwa yo santi ensekirite a rive sou yo ak tout fòs li ; yo pa sèlman tande pale de li ankò, y ap viv li devan je yo, yo santi l nan kò yo ak nan tèt yo.
Sitiyasyon sa a pouse nou poze kesyon sa yo : èske se vrèman zak 13 avril la ki make kòmansman banditis nan Sidès ? Oswa, si nou pran tan pou n reflechi pi byen, èske nou pa t deja ap viv zak banditis depi lontan san nou pa t vle rekonèt li ?
Pou nou ka reponn kesyon sa yo, li enpòtan pou nou defini klèman ki sa yon bandi ye.
Premye sa nou ka di, yon bandi se yon moun k ap mache ak zam ilegal, k ap simen latwoublay kote li pase, epi ki pa gen okenn respè pou lalwa ni pou lavi moun.
Men si nou elaji refleksyon an, nou wè banditis pa limite sèlman ak moun ki pote zam. Gen lòt fòm banditis moun pa twò pale de yo men ki gen menm konsekans grav sou sosyete a :
- lè otorite yo pa pran responsablite yo pou pwoteje sitwayen yo ;
- lè gen moun ki itilize pouvwa yo pou bloke lajistis ;
- lè lalwa pa aplike menm jan pou tout moun ;
- lè enpinite vin tounen yon règ.
Nan sans sa a, kesyon nou te poze yo antrene lòt kesyon ki pi enpòtan toujou :
Èske nou pa sonje lè lapolis te konn arete moun ak zam ilegal, epi kèk otorite ak palmantè te konn fè yo lage yo ?
Èske nou pa sonje moman kote kèk responsab te konn entèvni nan lajistis pou pwoteje patizan yo, olye yo kite lajistis fè travay li ?
Èske nou pa sonje depi lontan n ap viv nan yon sistèm kote move pratik vin nòmalize, kote menm moun ki vle chanje sitiyasyon an rive kwè fòk yo sèvi ak menm metòd ak sistèm nan pou konbat li ?
Èske se pa yon prèv ke pwoblèm nan pi pwofon pase sa nou wè jodi a ?
Pou ki sa chak fwa yo kòmanse pale de eleksyon, toujou genyen yon seri moun ki prezante tèt yo kòm kandida, epi k ap mache fè kanpay ak moun ki genyen gwo zam dèyè yo ?
Moun sa yo si yo rive chèf, ki kalite konpòtman nou dwe atann de yo menm ?
Èske se pa yon estrateji byen kalkile ki fè menm nan pòs fwontyè peyi a ki ta dwe byen kontwole pa gen mwayen serye pou kontwole sa k ap antre nan peyi a ?
Epi nan jan n ap fè politik la, kote n ap melanje tout bagay ak enterè pèsonèl san respè pou lalwa, kote n ap revoke, transfere jan nou vle pou n mete moun pa nou ki pa toujou gen onètete ak konpetans, èske aksyon sa yo pa kontribye pou ensekirite a gaye pi plis toujou ?
Jodi a, se vre popilasyon an ap leve kanpe, ap fè manifestasyon pou mande sekirite. Sa enpòtan, sa nesesè. Men fòk nou gen kouraj poze kesyon ki pi difisil la : ki kote ensekirite a soti ?
Paske si nou pa idantifye rasin pwoblèm nan, batay la ap toujou rete sipèfisyèl san nou pa touche nannan kesyon an.
Verite a pa lòt bagay : sa ki pase nan Segen an pa yon kòmansman, se pito yon veritab pwosesis ki mennen l. Zak ki pase Segen an dwe mete devan je nou yon reyalite nou te deja ap viv, men nou te konn minimize oswa tolere.
Ensekirite a pa fèt yon sèl kou, li konstwi ti kras pa ti kras, atravè silans, konplisite, neglijans ak move pratik ki repete san okenn sanksyon.
Se poutèt sa batay kont ensekirite a pa ka limite sèlman ak konbat bandi ki gen zam. Li pa redwi ak voye lapolis al konbat nèg ak zam. Li dwe vize tou rasin pwoblèm nan : enpinite, koripsyon, iresponsablite ak absans yon Leta ki fè respekte lalwa.
Nan kontèks sa a, li enpòtan pou nou tout pran responsablite nou.
Nou envite tout moun, kèlkeswa bò politik yo, kit yo rich oswa pòv, kit yo se entelektyèl oswa senp sitwayen, pou yo mete men ansanm.
Li enpòtan tou pou tout pitit Sidès, ansyen otorite tankou otorite aktyèl yo, ki te konn aji mal, pou yo pran konsyans, rekonèt erè yo, epi mezire move konsekans aksyon yo genyen sou lavi pèp la.
«San verite, pa gen jistis.
San jistis, pa gen sekirite.
San sekirite, pa gen avni.»
Si nou pa leve konsyans nou jodi a, se pa sèlman Segen n ap pèdi, se tout avni nou n ap antere.
Ronald Andris/
Pwofesè sosyoloji
Pwofesè istwa d Ayiti
Ansyen majistra Jakmèl